|
|
Poème déposé sur le site le : 29/07/2007 00:00
“Lanmou pa m”
Nan zafé lanmou,men m lejé.Ké m chaje ak lanmou Pou tout moun ki sou laté Rich kou póv,blan kou nwé, Nég debyen kou malketé. Lanmou m pa gen lizyé Li leve toupatou Tankou zéb,san prejije koulé San gran panpan san fé wé. Tank ou pile l,koupe l,rache l Se tank li grandi,donnen, vin pi bél Pi fre pi enganm,pi djanm. Pou ta rive detwi lanmou nan ké m Fó w ta domi ta leve boné E menm lé sa ankó fó w ta cheché konnen anpil lót sekré Paske lanmou m se misté Chimen l fét an fé. Ki donk menm bouldozé pa fé l pé. Nan kalfou l vévé Ezili trase a lanvé, Malé a mouche Lisifé Si l konprann li ka vin drive l até. La byen sezi wé ke l pa an afé ak yon bégwé. Kwé m si w vle,lanmou m se gwo zafé Li pa janm met tet até; de tét li l toutjou fyé, paske l toujou klé nan tout sa lap fé. Lanmou m santi bon epi l abiye ché Menm lé l pa gen pa ta gen pesonn pou l al wé Sa pa anpeche l chélbé, brodé, Ou pa fouti di ke sak sou li se pépé. E si pou frekansite w ou ta di sa a,penón pa tat kré w. Si w ap chéche blofé Pa pase pre lanmou m paske loné ak Respé Se sa k pou li fyéte ,boné,ak lone. Si w vle kwe kwe: Lanmou m ka fé w reve je klé Wé sa w pa ta janm rive kwé, Menm je klé.li ka fé pale tout lang sou laté Menm lé w ta bébé Fé yon avég wé tout koulé Kalme tout mizé,tout doulé; Fé vin dous kou siwo myél Menm sa k te anme kou fyél. Pa gen annyen lanmou m pa ka fé Pou sila yo nan li ki kwé E menm sa ki refize kwé. Paske lanmou m san devan ni déyé, San landwat,ni lanvé, San anba ni anlé ,men l chaje ak pwofondé.
JEAN CAMILLE ETIENN
Remarque de l'auteur
Autres Thème possible :
Information : Poème Aucun
| |||||||||||||||||||||