|
|
Poème déposé sur le site le : 26/09/2007 22:55
“Lè w pa la”
Depi m gade wM anvi bò w, Anbrase w, Karese w. Depi m wè w M anvi frape pòt kay ou, Mande w antre Kote je m pa janm kontanple inik kote , mwen plis ke sèten, ki ka fè m santi m byen Sanm pa bezwen fimen, enjekte m Oubyen bwè Jis mwen soule m. Yon kote M ta ka konpare Ak tè sa a Granmèt la pa janm sispann promet la. M swete li va padone m, Si m peche Oubyen non l ofanse Oubyen blasfeme. Lakay ou se paradi, Se jaden ke menm Edenn Poko prèt pou l ta konpare l avè l. Depi je m tonbe nan je w Ou fè san m mache M pa konn kote mwen ye, Mwen pran depale Mwen tankou yon egare, Mwen pèdi tout panse m Kòmsi m ta gen yon mò lanmou sou mwen ; Kè m pa janm sispan reklame w: Lè m pa wè w M imajine w Lè w avè m M pa konn ki sa pou m ta fe Pou m konble San m pa kite menm yon ti espas vid. Kay ou paradi m Inik kote m santi m byen. Le w pa la m imajine w Jis mwen envante w Le ou la mwen kontanple w Admire w, goute w savoure w San m pa janm kontante. Le w avè m Ou anvayi m Ak anvi… M anvi w fè m santi chalè w, Respire lodè w. M anvi mòde w, Souse w, niche w Moulen sanm pa janm vale w Savoure w. M anvi abite lakay ou Pou tout tan gen tan Promennen, fè ti ale tounen, Netwaye chanm ou Retire tout fil arenyen Bale rouze jaden w Dekore fasad ou Meble salon w Desann anba lakay ou Konvèti w an kay Ki gen plis konfò Plis dekorasyon Kay kote solèy pa derange Kote l pa janm fe ni twò cho Ni twò frèt, Kote lalin ak zetwal pote sou zèpòl yo tout rèv nou tout angrois nou, pou nou ka jwi ekzistans san n pa sonje si ye ni demen ekziste. kay kote pipirit mwen pijon m oubyen kòk mwen ka chante nan lakou l lajounen tankou nan nwit. Devan kay, nan lakou w mwen san zam San fòs, ou pran tout nanm mwen Yon sèl bagay ki nan lespri mwen Abite w pou letan e letènite. Bo kote w se paradi Lwen w se lanfe! Camilingue
JEAN CAMILLE ETIENN
Remarque de l'auteur
Autres Thème possible :Information : Poème sur les Héros
| |||||||||||||||||||