Poème-France.com

Poeme : « Kè Kontan Tout Bon »



« Kè Kontan Tout Bon »

Lanmò, ou tann m pa la
Pou w fè radiyès pèmèt ou
Antre lakay mwen
San pèsòn pa envite w.

Ala w frekan,
Ala w derespektan.
Ou konnen byen si m te la
Sa patap pase konsa.

Men jou va jou vyen
Bondye bon,
Ou pa bezwen fatige w,
Si se pa jodi se demen,
Si se pa demen,
Apre demen,
Men, M konnen kanmèm
Nou gen pou rankontre yon jou.

Lè sa,
Map mande Bondye
Fòs ak kouraj
Pete djòl ou,
Kraze tout tèt ou,
Souflete w, krache nan figi w
Imilye w, voye w tounen kote w sòti a.
Fè w tounen jwenn mouche Lisifè nan lanfè
Avèk tout akolit li yo.

Lè sa nan kè m
Pap gen yon ti kras peche
Lespri m ap pirifye
Manm mwen ap nan lajwa
Mwen va rejwi ak papa m
Nan bonè san fen
Kote li deja ale prepare
Pou nou yon ti plas.

Lè sa pa gen anyen
Ki va separe l de nou menm
Li renmen anpil
E ki renmen l anpil tou.
Nou va rejwi ak tout zanj nan syèl la,
Ak cheriben yo, serafen yo,
Twon yo, dominasyon yo,
Konfese, akanj yo
Nan chante lwanj pou Bondye
Pou letan e letènite.

Lè sa se va kè kontan tout bon
Pou tan gen tan.

Camilingue
Camilingue@Yahoo.ca

PostScriptum

♥♥♥Papa, je te garde précieusement au fond de mon coeur et de mon âme, tel un trésor caché, auquel moi seul ai accès et priorité♥♥♥
♥♥♥Je t’aime très fort papi♥♥♥


Pour mettre un commentaire

Poème en Phonétique

lɑ̃m, u tan εm pa la
pu dubləve fε ʁadjiε pεmε u
ɑ̃tʁə lakε mwɛ̃
sɑ̃ pεsn pa ɑ̃vitə dubləve.

ala dubləve fʁəkɑ̃,
ala dubləve dəʁεspεktɑ̃.
u kɔnɛ̃ biɛ̃ si εm tə la
sa patap pazə kɔ̃sa.

mεn ʒu va ʒu viɛ̃
bɔ̃di bɔ̃,
u pa bεzwɛ̃ fatiʒə dubləve,
si sə pa ʒɔdi sə dəmɛ̃,
si sə pa dəmɛ̃,
apʁə dəmɛ̃,
mεn, εm kɔnɛ̃ kɑ̃mεm
nu ʒεn pu ʁɑ̃kɔ̃tʁə iɔ̃ ʒu.

lε sa,
map mɑ̃də bɔ̃di
fs ak kuʁaʒ
pətə dʒl u,
kʁazə tu tεt u,
suflətə dubləve, kʁaʃə nɑ̃ fiʒi dubləve
imili dubləve, vwaj dubləve tunɛ̃ kɔtə dubləve sti a.
fε dubləve tunɛ̃ ʒwεn muʃə lizifε nɑ̃ lɑ̃fε
avεk tut- akɔli li io.

lε sa nɑ̃ kε εm
pap ʒεn iɔ̃ ti kʁa pεʃə
lεspʁi εm ap piʁifi
mɑ̃m mwɛ̃ ap nɑ̃ laʒwa
mwɛ̃ va ʁεʒwi ak papa εm
nɑ̃ bɔnε sɑ̃ fεn
kɔtə li dəʒa alə pʁəpaʁə
pu nu iɔ̃ ti pla.

lε sa pa ʒεn aniɛ̃
ki va səpaʁə εl də nu mεnm
li ʁɑ̃mɛ̃ ɑ̃pil
ə ki ʁɑ̃mɛ̃ εl ɑ̃pil tu.
nu va ʁεʒwi ak tu zɑ̃ʒ nɑ̃ siεl la,
ak ʃəʁibɛ̃ io, səʁafɛ̃ io,
twɔ̃ io, dɔminaziɔ̃ io,
kɔ̃fəzə, akɑ̃ʒ io
nɑ̃ ʃɑ̃tə lwɑ̃ʒ pu bɔ̃di
pu lətɑ̃ ə lətεnitə.

lε sa sə va kε kɔ̃tɑ̃ tu bɔ̃
pu tɑ̃ ʒεn tɑ̃.

kamilɛ̃ɡ