Univers de poésie d'un auteur

Prose:« Lè W Pa La »

La Prose

Depi m gade w
M anvi bò w,
Anbrase w,
Karese w.
Depi m wè w
M anvi frape pòt kay ou,
Mande w antre
Kote je m pa janm kontanple
inik kote, mwen plis ke sèten,
ki ka fè m santi m byen
Sanm pa bezwen fimen,
enjekte m
Oubyen bwè
Jis mwen soule m.

Yon kote
M ta ka konpare
Ak tè sa a Granmèt la
pa janm sispann promet la.
M swete li va padone m,
Si m peche
Oubyen non l ofanse
Oubyen blasfeme.

Lakay ou se paradi,
Se jaden ke menm Edenn
Poko prèt pou l ta konpare l avè l.

Depi je m tonbe nan je w
Ou fè san m mache
M pa konn kote mwen ye,
Mwen pran depale
Mwen tankou yon egare,
Mwen pèdi tout panse m
Kòmsi m ta gen yon mò lanmou sou mwen ;
Kè m pa janm sispan reklame w :
Lè m pa wè w
M imajine w
Lè w avè m
M pa konn ki sa pou m ta fe
Pou m konble
San m pa kite menm yon ti espas vid.

Kay ou paradi m
Inik kote m santi m byen.
Le w pa la m imajine w
Jis mwen envante w
Le ou la mwen kontanple w
Admire w, goute w savoure w
San m pa janm kontante.

Le w avè m
Ou anvayi m
Ak anvi…

M anvi w fè m santi chalè w,
Respire lodè w.
M anvi mòde w,
Souse w, niche w
Moulen sanm pa janm vale w
Savoure w.

M anvi abite lakay ou
Pou tout tan gen tan
Promennen, fè ti ale tounen,
Netwaye chanm ou
Retire tout fil arenyen
Bale rouze jaden w
Dekore fasad ou
Meble salon w
Desann anba lakay ou
Konvèti w an kay
Ki gen plis konfò
Plis dekorasyon
Kay kote solèy pa derange
Kote l pa janm fe ni twò cho
Ni twò frèt,
Kote lalin ak zetwal
pote sou zèpòl yo tout rèv nou
tout angrois nou,
pou nou ka jwi ekzistans
san n pa sonje si ye ni demen ekziste.

kay kote pipirit mwen
pijon m oubyen kòk mwen
ka chante nan lakou l
lajounen tankou nan nwit.

Devan kay, nan lakou w
mwen san zam
San fòs, ou pran tout nanm mwen
Yon sèl bagay ki nan lespri mwen
Abite w pou letan e letènite.

Bo kote w se paradi
Lwen w se lanfe !

Camilingue
Partage de cette Prose avec vos contacts
Poeme de Camilingue@Yahoo.ca

Poète Camilingue@Yahoo.ca

Camilingue@Yahoo.ca a publié sur le site 342 écrits. Camilingue@Yahoo.ca est membre du site depuis l'année 2004.

Syllabation De L'Écrit

Phonétique : « Lè W Pa La »dəpi εm ɡadə dubləve
εm ɑ̃vi b dubləve,
ɑ̃bʁazə dubləve,
kaʁəzə dubləve.
dəpi εm wε dubləve
εm ɑ̃vi fʁapə pt kε u,
mɑ̃də dubləve ɑ̃tʁə
kɔtə ʒə εm pa ʒɑ̃m kɔ̃tɑ̃plə
inik kɔtə, mwɛ̃ pli kə sεtɛ̃,
ki ka fε εm sɑ̃ti εm biɛ̃
sɑ̃m pa bεzwɛ̃ fimɛ̃,
ɑ̃ʒεktə εm
ubiɛ̃ bwε
ʒis mwɛ̃ sulə məsjø

iɔ̃ kɔtə
εm ta ka kɔ̃paʁə
ak tε sa a ɡʁɑ̃mε la
pa ʒɑ̃m sispan pʁɔmε la.
εm swətə li va padɔnə εm,
si εm pεʃə
ubiɛ̃ nɔ̃ εl ɔfɑ̃sə
ubiɛ̃ blasfəmə.

lakε u sə paʁadi,
sə ʒadɛ̃ kə mεnm ədεn
pɔko pʁε pu εl ta kɔ̃paʁə εl avε εl.

dəpi ʒə εm tɔ̃bə nɑ̃ ʒə dubləve
u fε sɑ̃ εm maʃə
εm pa kɔn kɔtə mwɛ̃ i,
mwɛ̃ pʁɑ̃ dəpalə
mwɛ̃ tɑ̃ku iɔ̃ əɡaʁə,
mwɛ̃ pεdi tu pɑ̃sə εm
kmsi εm ta ʒεn iɔ̃ m lɑ̃mu su mwɛ̃,
kε εm pa ʒɑ̃m sispɑ̃ ʁəklamə dubləve :
lε εm pa wε dubləve
εm imaʒinə dubləve
lε dubləve avε εm
εm pa kɔn ki sa pu εm ta fə
pu εm kɔ̃blə
sɑ̃ εm pa kitə mεnm iɔ̃ ti εspa vid.

kε u paʁadi εm
inik kɔtə εm sɑ̃ti εm biɛ̃.
lə dubləve pa la εm imaʒinə dubləve
ʒis mwɛ̃ ɑ̃vɑ̃tə dubləve
lə u la mwɛ̃ kɔ̃tɑ̃plə dubləve
admiʁə dubləve, ɡutə dubləve savuʁə dubləve
sɑ̃ εm pa ʒɑ̃m kɔ̃tɑ̃tə.

lə dubləve avε εm
u ɑ̃vεji εm
ak ɑ̃vi…

εm ɑ̃vi dubləve fε εm sɑ̃ti ʃalε dubləve,
ʁεspiʁə lɔdε dubləve.
εm ɑ̃vi mdə dubləve,
suzə dubləve, niʃə dubləve
mulɛ̃ sɑ̃m pa ʒɑ̃m valə dubləve
savuʁə dubləve.

εm ɑ̃vi abitə lakε u
pu tu tɑ̃ ʒεn tɑ̃
pʁɔmεnɛ̃, fε ti alə tunɛ̃,
nεtwεj ʃɑ̃m u
ʁətiʁə tu fil aʁəniɛ̃
balə ʁuzə ʒadɛ̃ dubləve
dəkɔʁə fazad u
mεblə salɔ̃ dubləve
dəzan ɑ̃ba lakε u
kɔ̃vεti dubləve ɑ̃ kε
ki ʒεn pli kɔ̃f
pli dəkɔʁaziɔ̃
kε kɔtə sɔlεi pa dəʁɑ̃ʒə
kɔtə εl pa ʒɑ̃m fə ni tw ʃo
ni tw fʁε,
kɔtə lalɛ̃ ak zεtwal
pɔtə su zεpl io tu ʁεv nu
tut- ɑ̃ɡʁwa nu,
pu nu ka ʒwi εkzistɑ̃
sɑ̃ εn pa sɔ̃ʒə si i ni dəmɛ̃ εkzistə.

kε kɔtə pipiʁi mwɛ̃
piʒɔ̃ εm ubiɛ̃ kk mwɛ̃
ka ʃɑ̃tə nɑ̃ laku εl
laʒunɛ̃ tɑ̃ku nɑ̃ nwi.

dəvɑ̃ kε, nɑ̃ laku dubləve
mwɛ̃ sɑ̃ zam
sɑ̃ fs, u pʁɑ̃ tu nɑ̃m mwɛ̃
iɔ̃ sεl baɡε ki nɑ̃ lεspʁi mwɛ̃
abitə dubləve pu lətɑ̃ ə lətεnitə.

bo kɔtə dubləve sə paʁadi
lwɛ̃ dubləve sə lɑ̃fə !

kamilɛ̃ɡ

Historique des Modifications

11/12/2016 06:52

Récompense

Coup de coeur: 0
J’aime: 0
J’aime pas: 0

Commentaire Sur La Poesie

Auteur de Poésie
28/09/2007 16:23Tiphaine15

bonjour
tu as fait la traduction en français
amitié

Prose Héros
Du 26/09/2007 22:55

L'écrit contient 405 mots qui sont répartis dans 12 strophes.